top of page

Dyalòg Ant Ayisyen : Yon Soti nan Kriz la kote Tout Vwa Konte

ven. 29 août

|

Location is TBD

Apèl pou dyalòg sa se yon inisyativ sitwayen, enklizif e souveren pou rebati Ayiti nan chanje lide ansanm, koute youn ak lòt pou kreye yon vizyon komen ki reprezante aspirasyon nou tout.

Dyalòg Ant Ayisyen : Yon Soti nan Kriz la kote Tout Vwa Konte
Dyalòg Ant Ayisyen : Yon Soti nan Kriz la kote Tout Vwa Konte

Time & Location

29 août 2025, 20:30 – 31 août 2025, 15:00

Location is TBD

About the event

Aysyen

Nan yon kontèks kriz pwofon, make pa vyolans ekstrèm, frakti sosyal, ak efondreman enstitisyon yo, Asanble Ekstraòdinè Òganizasyon Sosyete Sivil yo (AEOSC) lanse jodi a yon Apèl solanèl pou Dyalòg Ant Ayisyen.


Fas ak ijans nasyonal sa, AEOSC pwopoze yon dinamik dyalòg ki reprezante tout bon vre sa ayisyen vle, ki pa gen enfliyans patizan ak entèvansyon etranje. Dyalòg sa a vize mobilize tout fòs viv nasyon an — kominote lokal yo, gwoup relijye ak espirityèl, òganizasyon jèn ak fanm, dyaspora a, sektè ekonomik ak inivèsite yo, ak tout lòt aktè — pou yon sèl objektif : refonde kontra sosyal ayisyen an nan lapè, jistis ak diyite.


« Pèp ayisyen an bezwen yon pale nan vwa pal e nan yon sèl vwa, pa yon diskou yo enpoze sou li. Dyalòg sa a se yon men lonje bay tout moun, san okenn esklizyon. Se yon apèl pou nou konstwi ansanm…


Share this event

bottom of page