top of page

Consolidation Officielle des réflexions, propositions et positions des organisations consultées par l’AEOSC sur la Proposition du Décret Électoral 2025 par le CEP.

  • Writer: valeska maurice
    valeska maurice
  • Nov 11
  • 2 min read

Aysyen : 30 oktòb 2025, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) te pibliye yon nòt pou enfòme popilasyon ayisyèn nan, pati politik yo ak òganizasyon sosyete sivil yo ke Pwòjè Dekrè Elektoral 2025 la disponib pou piblik la. Dokiman sa a fèt pou sèvi kòm kad legal pou òganizasyon pwochen eleksyon nasyonal yo.


Nan nòt li a, KEP te envite tout aktè ki konsène yo pou vin pran yon kopi dokiman an epi soumèt 10 novanm 2025 pou pita, opinyon yo, obsèvasyon yo ak rekòmandasyon yo pou garanti yon pwosesis enklizif ak patisipatif.


Pou reponn a apèl sa a, Asanble Ekstraòdinè Òganizasyon Sosyete Sivil la (AEOSC) — yon platfòm sitwayen ki rasanble òganizasyon ki soti nan 19 sektè ak plizyè depatman peyi a — te pran inisyativ pou kowòdone yon demach kolektif konsiltasyon, analiz ak pwopozisyon rekòmandasyon, sòti 5 pou rive 9 novanm 2025.


Apre travay sa yo, AEOSC te soumèt nan biwo KEP a yon dokiman Konsolidasyon ofisyèl refleksyon, pwopozisyon ak pozisyon òganizasyon yo konsilte yo sou pwòjè dekrè elektoral 2025 la.


Nou envite tout piblik la pou li pran konesans de travay pwofon sa a, ki te fèt pa yon komite travay ki genyen kenz (15) òganizasyon sosyete sivil ki fè pati rezo AEOSC la.


👉 Tanpri klike sou lyen sa a pou w gen aksè ak dokiman konsolidasyon an : Consolidation Officielles par l’AEOSC sur la Proposition du Décret Électoral 2025 par le CEP - Google Docs


Valeska Maurice (Manbo Yaya)

Présidente de l’AEOSC


Pétion-ville, 10 novembre 2025


Francais : Le 30 octobre 2025, le Conseil Électoral Provisoire (CEP) a publié une note informant la population haïtienne, les partis politiques et les organisations de la société civile de la mise à disposition du Projet de Décret Électoral 2025, destiné à encadrer l’organisation des prochaines élections nationales.


Dans sa note, le CEP a invité les acteurs concernés à retirer une copie du document et à soumettre, le 10 novembre 2025 au plus tard, leurs avis, observations et recommandations en vue d’un processus inclusif et participatif.


En réponse à cet appel à contribution, l’Assemblée Extraordinaire des Organisations de la Société Civile (AEOSC) — plateforme citoyenne regroupant des organisations issues de 19 secteurs et de plusieurs départements du pays — a pris l’initiative de coordonner une démarche collective de consultation, d’analyse et de formulation de recommandations, menée du 5 au 9 novembre 2025.


À l’issue de ces travaux, l’AEOSC a soumis au CEP le document de Consolidation officielle des réflexions, propositions et positions des organisations consultées sur le projet de décret électoral 2025.


Nous invitons le grand public à prendre connaissance de ce travail approfondi, réalisé par un comité de travail composé de quinze (15) organisations de la société civile faisant parti du réseau de l’AEOSC.

👉 Veuillez cliquer sur ce lien pour accéder au document de consolidation : Consolidation Officielles par l’AEOSC sur la Proposition du Décret Électoral 2025 par le CEP - Google Docs.


Valeska Maurice (Manbo Yaya)

Présidente de l’AEOSC


Pétion-ville, 10 novembre 2025


 
 
 

Comments


bottom of page